top of page

Yo ale


Yo ale ! Yo ale ! Yo ale anvan mounite yo Akouche bote lavi Nan peristil douvanjou K ap résiste sèt lapriyè ginen

Yo ale ! Yo ale ! Yo fè vwèl pou peyi san chapo Y ap flannen nan katedral lavi Yo pa konn si pou yo monte Si pou yo desann

Yo ale ! Yo ale ! Yo pa menm gentan di oreswa Ale wè pou yo ta di : Lavi ! Kisa w pote pou vann Wi moun gransid yo ale

Yo ale ! Yo ale ! Memwa yo kwoke Nan potomitan lavi Y ap mande jistis pou tèt Y ap mande jistis

Pou tyovi ki rete yo Y ap mande gras ladelivrans Pou ba jou lavi ki kwoke Nan lespas lenvizib

Mounite yo te gentan sinistre Sonje ! Fenomèn natirèl pa kriminèl Tranblemann tè pa kriminèl Siklòn pa kriminèl Se leta ki kriminèl Se lojik enperyalis ki kriminèl Se lojik kolonizasyon ki kriminèl

Gouyad latè pa pote moun Bay bawon samdi Gouyad latè pa la pou demantibile Dekonstonbre ak defilfare Gouyad latè se espresyon lavi Bondye K ap danse dans yanvalou Pou fè kè danmbala kontan

Lojik mounite ki konstwi latè Pa danse Kole avèk gouyad latè Lojik nou koupe fache ak gouyad latè Lojik nou bay lespri latè Yon gwo bwa long kenbe

Sa rann nou sou, nou gaga, nou fou Wi ! Nou fout fou Lè latè ap layite kò l Nou boule jouk nan zo Gwo deblozay katastwòf fè kenken Moun mouri, moun blese Kay kraze pa bann pa pakèt

Leta ! Leta Oooo ! Pwojè kapitalis enperyalis Pwojè kolonyal esklavay An n repanse mounite lavi Pou fè l danse kole Avèk entelijans lanati Nan yon won amoni K ap dodomeya nan zantray

An nou koute libète ki nan nou an Pou n ka rekonstwi lavi Nan lanmou ak espirityalite Ewa !


James Francisque Powèt kreyolis


Post: Blog2_Post
Alfabe kreyol Ayiti

Sign Up for Our Newsletter

Thank You for Subscribing!

Newsletter Subscription

  • Amazon
  • Facebook
  • Instagram
  • Twitter
  • LinkedIn
THELIMO w.png
bottom of page