top of page

*Wè Kreyòl Kòm Lang:*

Writer's picture: ITIAHaitiITIAHaiti

*TANPRI, EDE NOU KONPLETE REZOLISYON SA POU AYITI OTONÒM*:


1. *Edikasyon:* tout materyèl edikatif tradywi an kreyòl; epi moutre tout ayisyen ki deja konn «li a pale kreyòl » ekri kreyòl nan yon jou a yon mwa;


2. *Administrasyon:* non moun ak biznis epi diplòm an kreyòl; aplike yon politik pou nou tradywi non enstitisyon ki vle sou pretèks n ap diminye taks yo; fè jijman epi tradywi dokiman legal tout moun ki vle gratis ti cheri; tradywi non tout ri an kreyòl epi chanje non yo ak non ayisyen;


3. *Kilti*: lè yon moun pale oswa chante, se nanm li ki parèt nan vwa ou. Kidonk, inyore lang ou, se inyore nanm ou; inyore nanm ou, se inyore tèt ou; inyore tèt ou vle di ou pa konnen idantite w;


4. *Komèsyal*: pwodywi ki fèt Ayiti;


5. *Teknolojik*: tradywi lojisyèl enfòmatik ak telefòn an kreyòl, epi mete tout dokiman edikatif an ling gratis ti cheri.


*Kòm rezilta*, Kreyòl ap afebli pywisans fransè otomatikman, paske li pral pèdi egzistans li nan tèt plis pase 15.000.000 lektè atravè mond lan nan 32 pwochen ane yo. Se sa ki fè yo achte sèvo nou atravè ministè edikasyon nasyonal, kilti ak tout enstitisyon Leta ak prive Ayiti yo.


Wilsonn Telimo Lwi


5 views0 comments

Recent Posts

See All
Post: Blog2_Post
Alfabe kreyol Ayiti

Sign Up for Our Newsletter

Thank You for Subscribing!

Newsletter Subscription

  • Amazon
  • Facebook
  • Instagram
  • Twitter
  • LinkedIn
THELIMO w.png
bottom of page