Kòm kado istorik mwen pou mwa kreyòl la, mwen chanje non mwen an kreyòl apre mwen ta fin natiralize ameriken 9 oktòb 2024 ki sot pase la. Youn nan motivasyon m dèyè lide sa, se ta kontinye milite pou patisipe nan retabli konfyans nan lidè kominotè ayisyen nou yo, retabli konfyans nan jenès ayisyen-an ki fin disparèt, retabli konfyans nan Konstitisyon nou, nan enstitisyon nou yo, retabli konfyans nan ekonomi ayisyen an. Pou sa fèt, sa mande bon patenarya avèk Leta lòt peyi, nan batay pou enterè komen, enterè kolektif, olye enterè pòch oswa ti fanmiy, ti klik. Mwen fè apwòch sa pou mwen souke kòn tout towo gonde k ap siyen akò sou non kominote ayisyen-an Etazini, tankou Ayiti. Nou soti nan yon moman kote eleksyon t ap vale tèren Etazini, yon peyi ki gen anviwon 2.000.000 ayisyen, epi anpil lidè tradisyonèl ap fè ayisyen ki gen nasyonalite ameriken vote san devwale bezwen fondamantal kominote-a, peyi-a, swa pa emosyon, pandan yo kontinye ap anrichi tèt yo ak enterè mesken ki pa p kite okenn erita pou yo, ni fanmiy yo, ni klik yo.
Lòbi pou lang kreyòl la rezime nan yon demach administratif ki pa ka fèt san yon politik piblik. Youn nan pwopozisyon mwen fè nan memwa mwen se yon konsèy minis ki pou chita sou dosye-a epi pran yon rezolisyon pou tout ministè yo sèvi ak kreyòl kòm lang administratif Ayiti. Sa t ap yon solisyon kout epi ki t ap dire lontan atravè akomodasyon chak enstitisyon sou tèritwa nasyonal la ak entènasyonal. Mwen fè yon pwopozisyon pou analfabetize entèlektyèl nou yo, moutre yo ekri ak li lang manman yo, yon demach ki pral ede plis pwodiksyon materyèl pou jenerasyon ki gen pou vini yo. Men pou sa fèt, fòk ta gen yon politik pou monetize mache kreyòl la, e ki pa lòt ke transfòmasyon pwodywi lokal. Nan dènye emisyon mwen te ye isit la, mwen te ankouraje yon inisyativ ki ta ka fè lang manman vin premye lang ansèyman nan tout nivo lekòl Ayiti pou diminye to 97% ayisyen ki pa rive antre nan inivèsite akoz deriv sistèm edikasyon fransè a, selon apwòch ansyen minis edikasyon nansyonal Nesmi Manniga an 2022. Pou mwen menm, si edikasyon fèf nan lang tout ayisyen konprann pi byen an, y ap gen plis chans fini lekòl. E si plis ayisyen rive fini lekòl, ap gen plis ouvèti inivèsitè, biznis ak kreyativite, epi to iletris ak analfabèt la ap diminye. Konsa tou, ka gen mwens delekans jivenil, mwens degradasyon anviwònman ak yon popilasyon ki fòme. Mwen kwè menm ayisyen ki vwayaje nan peyi etranje ap gen plis posiblite pou kontinye etid yo, epi retounen lakay vin desèvi kominote yo.
Mwen sigjere yon desiyon pou edikasyon kreyòl fèt an lekòl pa t ap anpeche lòt lang etranje tankou fransè, espanyòl ak anglè anseye kòm matyè nan lekòl. Men mwen kwè ak tout kè m ke ansèyman nan lang manman se meyè pilye pou retire Ayiti nan tout kriz li ye jounen jodi a, tankou: ensekirite, kidnaping, famin, lojman, sante, elatriye, si edikasyon se baz devlòpman yon nasyon vre. Selon mwen menm, lekòl pa dwe yon baryè pou anpeche moun reyisi, men yon pòt ki ouvè pou ankouraje sosyete a gen plis moun ki ka disène, fè analiz, epi devlope sous pèfeksyon yo. Se libète yon moun bay tèt li ki pèmèt sosyete-a kategorize li nan yon echèl entèlektyèl ki depann sou nivo kreyasyon li ak aprantisaj li nan nenpòt syans, oswa disiplin.
Wilsonn Telimo Lwi.