Ilavach Pa Gen Dlo Pou Moun Bwè, Menm Yon "Jude de Paix", Alevwa Pou Polisye, Epi Pa Gen Kote Pou Moun Twalèt.
- ITIAHaiti
- Mar 7
- 2 min read

Yon zile touristik nan sid Ayiti ki genyen plis pase 15.000 abitan ap chache $1,000 ameriken pou achte yon emetè pou relanse estasyon radyo kominotè li ki pa p fonksyone depi 4 ane. M ap bay $500 nan sòm sa. Mwen jwenn pèmisyon komite radyo-a pou m mande epi ede yo jwenn rès lajan nan antouraj mwen.
N ap ranmase lajan sa atravè ITIAHaiti, yon òganizasyon 501(c)(3) ki kenbe ayisyen nan lespri kòtakòt atravè aktivite literè, sosyo-edikatif, ak kiltirèl an ling. Apre nou kolekte donasyon yo, n ap voye yo Ayiti nan transparans. An retou, ITIAHaiti gen inè tan chak semèn pou ankouraje edikasyon fèt nan lang manman sou radyo-a, epi remèsye donatè yo.
Kominote Ilavach la ap travay depi plis pase 4 ane pou retounen ak estasyon radyo sa paske li se yon platfòm enpòtan pou rezidan eksprime enkyetid yo sou zile-a, pataje opinyon yo, epi vann kilti yo. Pa gen okenn medya lokal nan zile-a, yon reyalite ki lage peyizan yo san vwa.
Antanke timoun ki leve sou zile-a, mwen ka temwanye, menm jan avèk anpil lòt kote Ayiti, Ilavach pa gen dlo pou moun bwè, menm yon "jude de paix" ki estab pa genyen, alevwa pou polisye, ki se yon krim entèlektyèl, epi pa gen kote pou moun twalèt. Mwen konte sou kontribisyon w—kèlkeswa jan sa ye—kapab fè yon gran diferans. Tanpri, konsidere bay menm $5 epi pataje mesaj sa ak yon lòt bon moun.
Pou w kontribiye, ou ka fè transfè sou ZELLE +1 786-659-3961, oswa vizite https://www.paypal.com/us/fundraiser/charity/3932538 pou w jwenn yon resi ou ka deklare nan taks ou.
Pou plis enfòmasyon sou estasyon radyo Voile FM, klike sou:
https://lenouvelliste.com/article/130163/ile-a-vache-has-its-first-radio-station-and-water-fountain.
Mèsi anpil,
Wilsonn Telimo Lwi,
Fondatè ITIAHaiti