JISTIFIKASYON:

Se pa palmantè yo ki pa te fè eleksyon pa te fèt pou renouvle palman, jan konstitisyon an prevwa. Imajine w gen 30 sòlda ki nan yon gè, gen 20 ki mouri oswa kidnape, epi gen yon desizyon ki pou pran an kowòm avèk rès dis (10) yo pandan patri yo an danje. Kidonk, vwa 6 ka pase pou desizyon sa pran pou batay la kontinye oswa abandone. Dis (10) senatè ki sou pouvwa yo reprezante dis (10) depatman Ayiti yo, sa vle di: gen yon (1) senatè ki soti nan chak depatman. Sonje senatè sa yo ap travay, touche, epi viv sou bidjè peyi a jiska dezyèm lendi mwa janvye 2023 rive. Antanke ayisyen pèp la te eli, nou t ap pito kite yo kraze peyi a oswa *retabli konfyans nan politisyen ayisyen* yo, olye pou se etranje nou bay vin mete pye sou kou nou.
Dis (10) senate nou genyen la yo ka ranplase ni chanm depite a, ni chanm sena si n ap pratike analiz *jirispridansyèl* olye se se yon senp sitwayen ki pa te pase nan okenn eleksyon nou ap bay fè lwa pou nou. Analiz nou an ale pi lwen toujou pou li ta bay menm yon sèl senatè ki ta rete sou pouvwa deside pou peyi a, si rès 9 yo ta mouri pa aksidan. Kowòm vle di yon *majorite moun ki gen “kalite ak kapasite” nan yon kantite ofisyèl ki prezan*. Kowòm pa vle di yon majorite ki ta dwe prezan malgre yo pa ko gen kalite, ni kapasite, epi ki absan. Kesyon *kowòm asanble nasyonal n ap evoke a posib* avèk sis (6) sou dis (10) (6/10) palmantè ki prezan la yo nan enpas Ayiti twouve li jounen jodi a, *si n ap chache solisyon.*
Kòman nou defini asanble nasyonal, e ki pi bon solisyon nou ta ka sigjere? Asanble nasyonal la egziste selon ekwasyon sa: 100/100 = 50/50 = 1. Se sa m vle nou wè. Patri nou an danje. M konprann tèm consensus la, men apwòch mwen an se pi bon consensus legal epi legitim. De (2) chanm yo fòme asanble nasyonal "lè yo prezan." Kowòm 30 senatè se 16. Nou pa gen 30 senatè. Nou gen 10 senatè. Kowòm 10 se 6, selon lwa 50+1 konstitisyon an prevwa pou vòt fèt. Kowòm 118 depite se 60 depite. Nou pa gen depite ditou. Kidonk pwovèb la di: lè w pa gen manman, ou tete grann. Dayè yon senatè domine jiridiksyon tout depite ki nan depatman li daprè jan eleksyon fèt Ayiti. Lè nou mete vòt 10 senatè yo ansanm, yo kouvri jiridiksyon yon prezidan.
Apati analiz sa, m kwè 10 senatè yo ka eli yon prezidan paske asanble nasyonal vle di: reprezantan chak depatan reyini. Apwòch mwen an pa vle di pou senatè yo eli tèt yo poukont yo, oswa eli youn pami yo menm, jan magouyè Joslèm Privè a te fè apre Mateli a non. Li ilegal paske yon palman pa ka fè yon lwa, apre sa pou li benefisyè menm lwa sa ankò. Atik 149 konstitisyon an di asanble a ka eli yon prezidan pwovizwa. Sa vle di; asanble a dwe kontinye egziste avèk palmantè yo. De même, si yon palmantè ta mouri oswa ale nan prizon, rès yo ka kontinye fè lwa, jouk dènye palmantè a rete. Selon atik 149 konstitisyon 1987 amande a, dis (10) senatè Ayiti yo gen pouvwa pou eli yon prezidan pwovizwa.
*Article 149 de la constitution de 1987 amendée en 2012:*
En cas de vacance de la Présidence de la République soit par démission, destitution, décès ou en cas d’incapacité physique ou mentale permanente dûment constatée, le Conseil des Ministres, sous la présidence du Premier Ministre, exerce le Pouvoir Exécutif jusqu’à l’élection d’un autre Président.
Dans ce cas, le scrutin pour l’élection du nouveau Président de la République pour le temps qui reste à courir a lieu soixante (60) jours au moins et cent vingt (120) jours au plus après l’ouverture de la vacance, conformément à la Constitution et à la loi électorale.
*Dans le cas où la vacance se produit à partir de la quatrième année du mandat présidentiel, l’Assemblée Nationale se réunit d’office dans les soixante (60) jours qui suivent la vacance pour élire un nouveau Président Provisoire de la République pour le temps qui reste à courir.*
Wilsonn Telimo Lwi,
Jiris, etidyan espesyalize nan sèvis piblik,
Ansyen kandida pou pepite Okay ak Ilavach.