PACHEMEN ITIAHaiti
- ITIAHaiti
- Dec 9, 2021
- 3 min read
Tanpri, kritike kòmandman nou yo, epi voye lide w pou nou konplete pachemen ITIAHaiti-a.
Kòmandman:
Chapit 1:
Vèsè-1: Atizay Itiyayis yo se yon raso sou do towo k ap kalbende, epi yon chan libète pou fidèl k ap fè jèn pou lavi miyò.
Vèsè-2: Filozofi itiyayis yo baze sou otonomi ki se rezilta fòs talan yo.
Vèsè-3: Idantite doktrin itiyayis la reflete imaj defi libète anfas gran pisans kolonyalis.
Vèsè-4: Itiyayis la se yon lespri k ap mayimoulen kò li nan bwenn jèn yo.
Vèsè-5: Itiyayis yo pentire tablo yo jan yo dwe ye.
Vèsè-6: Itiyayis reveye peyizan k ap kabicha epi sèvi sèl sou pwent lang zonbi.
Vèsè-7: Itiyayis yo ankouraje orijinalite pou ede kilti yo vanse atravè zèv yo.
Vèsè-8: Itiyayis yo ap bat tanbou rasanbleman pou tout kavalye ki depeyize vin kalma anba tonèl lakay yo.
Vèsè-9: Itiyayis yo ap mennen yon batay sakre pou tèt kole ka pi gran pilye nan mitan ayisyen.
Vèsè-10: Itiyayis yo ap milite jiskobou pou resous entèlektyèl yo sèvi kichòy antanke zantray peyi-a, epi batay pou dwa peyizan respekte.
Vèsè-11: Itiyayis yo ap miyonnen viktwa nannan lang kreyòl la nan lespwa ke yon jou li va pran pozisyon nan tèt tout nèg ak nègès sou latè.
Vèsè-12: Itiyayis yo ap siyonnen devan bann pou demaske lamayòt nan baskit madigra, epi fouye zo nan kalalou zòt pou dechouke rasin espwa anba kout plim maltaye.
Vèsè-13: Itiyayis yo fè amoni ant ayè ak kounye-a pou defini demen.
Vèsè-14: Itiyayis yo gen potansyalite pou devni tout sa yo vle ye, epi fè tout sa yo vle fè.
Vèsè-15: Itiyayis yo itilize atizay yo pou enfliyanse sosyete-a sou chimen libète, yon mannyè pou libere Ayiti jouk yo mete li kanpe sou de pye militè li.
Vèsè-16: Itiyayis yo itilize mayèt pwezi, woman, nouvèl, esè, lodyans, teyat, mizik, penti, dans, chan, ak tout lòt atizay ki ka divèti epi fòme nasyon-an.
Vèsè-17: Itiyayis yo konstwi, yo bay konsèy, epi yo transfòme nan lanmou pou kilti ayisyen-an vanse.
Vèsè-18: Itiyayis yo konsyan peyi-a kidnape anba konfyolo patripòch ak kominezon kamoken.
Vèsè-19: Itiyayis yo kwè nan bon jan aksyon, nan respè kilti ak tradisyon.
Vèsè-20: Itiyayis yo kwè nan evolisyon, epi yo rete soude ak nanm zansèt yo nan chante patri yo.
Vèsè-21: Itiyayis yo kwè nan kouraj, kapasite entèlektyèl ak sikolojik yo.
Vèsè-22: Itiyayis yo lib nan jan yo pwodywi, epi yo se modèl nan fason yo dekri reyalite lokal yo.
Vèsè-23: Itiyayis yo soude fòs konsyans yo pou kite yon lòt esperyans pou sa ki gen pou wè jou yo.
Vèsè-24: Itiyayis yo te chita jou ki te 12 jiyè 2008 la pou batize anagram ITIYAyiti-a: Inovasyon Tèwa Itiyayis Yo Ayiti.
Vèsè-25: Itiyayis yo travay kòtakòt, tèt yo byen fèt epi chak pawòl yo se yon aksyon pou bay jarèt nan devlopman.
Vèsè-26: ITIYAyiti fè nou wè yon Ayiti ranvèse k ap drese, yon peyi devan dèyè k ap pran fòm nòmal li.
Vèsè-27: ITIYAyiti gen misyon pou konsève idantite Ayiti antanke patrimwàn libète tout moun nwa.
Vèsè-28: ITIYAyiti kòmanse boujonnen nan depatman sid Ayiti, epi li layite tribòbabò gras ak rezo sosyal yo, yon fason pou lespri men anpil chay pa lou-a ka blayi tout bon vre.
Vèsè-29: Nan yon peryòd kote kilti ayisyen-an prèske fin disparèt, kontanporen yo twouve li se yon devwa pou mete talan yo sou sèvis nasyon-an.
Vèsè-30: Nenpòt moun ka vin manm ITIYAyiti, epi kontinye fè lide-a vale tèren jouk vizyon kòtakòt la rive posib gwo midi nan mitan ayisyen alawonnbadè.
Vèsè-31: Okenn òganis pa ka koukouwèt ITIYAyiti, pèsonn pa ka pachiman li, epi pyès mouvman pa ka gen pi gwo fòs pase li.
Vèsè-32: Pandan Itiyayis yo ap chache yon idantite nasyonal, yo reyini talan yo nan lide pou mete kanpe yon òganizasyon ki rele ITIYAyiti.
Vèsè-33: Reyalite peyizay ak bèl fanm kreyòl se nannan deklamasyon itiyayis yo.
Vèsè-34: Sa ki makònen lonbrik doktrin itiyayis la ak rasin peyi-a se jan teyorisyen yo tingtong nan dechike kannkès verite.
Vèsè-35: Vizyon ITIYAyiti se wè jenès la jwenn bon jan ankadreman pou devlope talan li, epi wè avni nouvèl jenerasyon-an asire.
Chapit 2:
Vèsè-36: ?
Pyè Franns Maksi, direktè egzekitif ITIAHaiti ranje filozofi-a sou fòm chapit ak vèsè. Dokiman sa sèvi bib pou tout ayisyen k ap travay pou chanjman Ayiti. Nou se “ITIYA” vle di: nou se pitit yon peyi ki kraze sou nou. Nou bay tèt nou misyon pou nou chanje li an “Ayiti” pandan n ap kiltive valè moral sa yo. Vwala kote mo “ITIYAyiti” a soti.
Wilsonn Telimo Lwi,
Przidan ITIAHaiti
