MENAS LANMÒ
- ITIAHaiti
- Jan 24, 2022
- 1 min read
JÈN YO: NOU KÒMANSE JWENN *PÈSEKISYON POLITIK*.
Kisa nou dwe fè?
Ka sa yo souvan rive, kote lè nou parèt pywisan nan je *konpetitè* yo: yo fè arete nou, arete pwòch nou, oswa arete militan nou, jis pou fè nou entimide. Jan nou pwomèt li: nou pa fè pati politik pou n anmède pèsòn k ap kraze peyi *nan moman.* M ap mande nou rete saj, fokis sou lespri manifès KÒTAKÒT la, nan fòme tèt nou plis, jouk nou konsyan nou gen yon popilasyon ki fòme selon vizyon, misyon ak objektif nou bay tèt nou antanke *santris*. Kòlèg ki voye mesaj *menas lanmò-a* se te yon *enfiltre* pami nou depi kèk tan nan gwoup WhatsApp ITIAHaiti-a. Kidonk, li se egzatteman reflè *lidè tradisyonèl yo*. Nou pa ka kanpe an fas yo, paske yo pare pou fè nepòt krim pou kenbe pouvwa.
Eske nou gen zam? Non!
Eske nou gen djab? Non!
Eske nou gen lajan? Nonplis!
Men eske nou dwe rete jan nou ye-a? JAMÈ!
Se reyalite politik lakay. Tanpri, poze. NOU SE LAJENÈS, PI GWO FÒS LA.

Wilsonn Telimo Lwi,
Manm fondatè Pati KÒTAKÒT.