top of page

MANIFÈS PATI POLITIK KÒTAKÒT

Writer's picture: Wilson Thelimo LouisWilson Thelimo Louis

Updated: Jul 5, 2022



NOU METE FÒS NOU KÒTAKÒT ATRAVÈ YON PATI SOSYO EDIKATIF, KILTIRÈL EPI POLITIK NOU BATIZE KÒTAKÒT.


Jèn sitwayen alawonnbadè, nou rive nan yon enpas kote nou dwe pase nan faz egzekisyon chan aktivite n ap antreprann depi lontan yo. Pou sa fèt, nou menm konsitwayen ayisyen, jije nesesè pou nou pran mayèt desten nou an men, epi pote doleyans nou san fòs kote, ni anba manipilasyon lidè tradisyonèl. Apre anpil eko nou fè nan tinèl lamizè san vwa nou pa t janm depase tou labou n ap jigote a depi lontan, nou rive grenpe bit mòn glise a pou n pran gouvènay lavi nou nan men kòtakòt. Antanke aktivis, nou twouve li se yon devwa pou nou mete volonte nou sou sèvis patri nou, pou nou konkretize rèv idantite nasyonal n ap pwone depi lontan atravè konbit, òganizasyon relijye, sendikal, sosyo-edikatif, kiltirèl, literè ak teyatral.


Nou toujou reyini nan lespri fòmasyon, men tou, sou yon pi gwo echèl ki pa lòt ke sosyo politik, toujou nan lide pou fòme tèt nou pi plis sou lidèchip, angajman sivik, atizay ak antreprenarya. Sèl diferans tranzisyon sa pran: se sispann plenyen nan pye lidè kowonpi pou fè pwojè edikatif pase pou nou, nan mande charite pou nou reyalize aktivite fòmasyon, ki pa janm posib. KÒTAKÒT se opoze fè nwa, yon konsèp ki fè kwè solèy la cho, li nan mitan syèl la, li briye menm jan pou tout moun. Tout ti koulèv soti nan tou, tout zonbi lage, tout moun wè klè nan yon sèl lespri: reklame otonomi yo. KÒTAKÒT se amèn lapriyè, se fòs tout devosyon, li se son klòch libète mantal ak konplo lajenès.


KÒTAKÒT kwè dwa tout konpatriyòt dwe respekte kòm sa dwa, jan deklarasyon inivèsèl dwa moun ak sitwayen prevwa l depi 26 out 1789, epi adopte nan Nasyon Ini 10 desanm 1948. Mouvman sa gen misyon pou konsève idantite Ayiti antanke patrimwàn libète pou tout moun sou tè a. Antanke ilimine, nou fè devwa nou nan pran mayèt desten nou sosyo-politikman, jan konstitisyon peyi nou ba nou dwa nan atik 16, 17, 31, 31.1 ak 31.1.1. Vizyon nou se wè Ayiti otonòm, jenès la jwenn bon jan travay, ankadreman pou devlope talan li, epi wè avni nouvèl jenerasyon an asire. Inisyativ sosyo-politik sa layite tribòbabò gras ak rezo sosyal yo, yon fason pou lespri men anpil chay pa lou a ka blayi tout bon vre.


Nou menm, jèn fanm ak jèn gason, nou soude fòs konsyans nou pou kite yon lòt eksperyans pou tchovi ki gen pou wè jou yo. Nou kwè nan bon jan aksyon, nan respè kilti ak tradisyon. KÒTAKÒT se reflè Ayiti nou reve-a; yon peyi ki soti nan fè nwa epi ki jwenn koulè nòmal li. Nou itilize konesans ak nouvèl teknolojik-a pou enfliyanse sosyete-a sou chimen libète, yon manyè pou libere Ayiti jouk nou mete li kanpe sou de pye militè li. Nou konsyan peyi a kidnape anba konfyolo patripòch ak kominezon kamoken. Antanke nouvèl jenerasyon, nou fè amoni ant ayè ak kounye-a pou defini demen. Nou kwè nan evolisyon, epi nou rete soude ak nanm zansèt yo nan pwoteje patri nou.


Filozofi KÒTAKÒT baze sou otonomi ki se rezilta fòs nou. Nou konnen moun gen potansyalite pou devni tout sa yo vle ye, epi fè tout sa yo vle fè. Nou kwè nan kouraj, kapasite entèlektyèl ak sikolojik nou. Sa ki makònen lonbrik pati politik sa ak rasin peyi-a, se jan nou tingtong nan dechike kannkès verite. KÒTAKÒT ap miyonnen viktwa nannan lang kreyòl la nan lespwa ke yon jou li va pran pozisyon nan tèt tout nèg ak nègès sou latè. Idantite estrikti politik sa reflete imaj defi libète anfas pisans enperyalis. Okenn mouvman paka koukouwèt li, pèsonn paka pachiman li, epi pyès lòt pati pa ka gen pi gwo fòs pase li. Defi zansèt nou yo leve fè peyi nou gen yon istwa ki sen, pwòp, epi ki se sous onè ak respè tout pèp sou latè.


Nou menm, militan ini pou dwa imen, nou travay kòtakòt, tèt nou byen fèt epi chak pawòl nou se yon aksyon pou bay jarèt nan devlòpman peyi nou. N ap mennen yon batay sakre pou tèt kole, lespri kòtakòt la ka pi gran pilye nan mitan ayisyen. Antanke “Kotis”, n ap miyonnen devan bann pou demaske lamayòt nan baskit madigra, epi fouye zo nan kalalou zòt pou dechouke rasin espwa anba kout plim maltaye. Nou ap bat tanbou, kònen lanbi rasanbleman pou tout kavalye ki depeyize vin kalma anba tonèl lakay yo. Antanke limyè, n ap ilimine jiskobou pou resous nou yo sèvi kichòy antanke zantray peyi-a, epi travay di pou dwa peyizan respekte san negosye kesyon moun nan mòn ak moun lavil.


Militans nou “santre” sou dyalòg, yon chan libète pou fidèl k ap fè jèn pou lavi miyò. Men tou, nou ka yon raso sou do towo k ap kalbende, yon jij pou tout gouvènman kowonpi ki anpeche peyi-a vanse. Lespri KÒTAKÒT la reveye peyizan k ap kabicha, li pote aksyon ki sèvi sèl sou pwent lang zonbi. Reyalite peyizay, ak defans patrimwàn se nannan nou. KÒTAKÒT se kri Ayiti libere tout ayisyen t ap tann pou dekolonize mantal popilasyon an depi lontan. Nou vin konstwi nouvèl Ayiti-a; nou pote konsèy, epi nou vin transfòme nan lanmou pou peyi nou chanje. KÒTAKÒT se yon lespri k ap mayimoulen kò l nan bwenn jèn yo. Nenpòt moun ka vin manm òganizasyon sosyo edikatif, kiltirèl ak politik sa, epi kontinye fè lide-a vale tèren jouk vizyon kotakot oubyen Ayiti Otonòm lan rive posib gwo MIDI nan mitan tout ayisyen alawonnbadè.


An rezime, KÒTAKÒT se amoni ki genyen nan mitan tout jèn lidè ki pran konsyans ke yo pa p fè yon pa kita, yon pa nago si yo pa mete tèt yo, fòs yo, mwayen yo, volonte ak kapasite yo ansanm pou sove tèt yo, kominote yo, ak jenerasyon ki gen pou vini yo. Manifès sa temwanye lespri konsyans pwofesyonèl nan mitan tout ayisyen pou yon jodi ak yon demen miyò sou chemen politik. Nou bay tèt nou misyon antanke frè ak sè, pwofesyonèl pou retabli konfyans nan jenès ayisyen an, nan ekonomi peyi-a, ak lidè politik ayisyen yo. Anpil nan nou pèdi jenès nou, nou pa p pèdi vyeyès nou. Kòt nou youn makònen ak kòt lòt antanke kotis.


Nou se Ayiti!




282 views0 comments

Recent Posts

See All
Post: Blog2_Post
Alfabe kreyol Ayiti

Sign Up for Our Newsletter

Thank You for Subscribing!

Newsletter Subscription

  • Amazon
  • Facebook
  • Instagram
  • Twitter
  • LinkedIn
THELIMO w.png
bottom of page