top of page
Writer's pictureWilson Thelimo Louis

ISTWA KÒTAKÒT

Updated: Jul 5, 2022



SA KI FÈ PATI POLITIK KÒTAKÒT RIVE KREYE


Inisyatè pati politik KÒTAKÒT yo te konn chita atravè ITIAHaiti ki se yon òganizasyon literè, sosyo-edikatif, epi kiltirèl. “Kòtakòt” se mo manm yo te konn itilize kòm slogan nan mitan yo. Òganizasyon ITIAHaiti pa sou lobedyans okenn gouvènman, li pa gen relijyon prefere, ni nan politik. ITIAHaiti travay ak lòt òganizasyon sosyo-kominotè ak gouvènmantal ki pataje filozofi li ki chita sou otonomi nan mitan jèn yo, pandan li kenbe endepandans li. Li apwouve tout aksyon legal ki vize ranfòse mwayen manm li yo, epi favorize patisipasyon ak entegrasyon manm li yo nan òganis finansman nasyonal ak entènasyonal. ITIAHaiti kreye depi 12 jiyè 2008 nan vil Okay, Ayiti, epi sig la vle di: “Innovation du Terroir par les Itihahistes pour l’Avancement d’Haïti” (nan lang fransè). ITIAHaiti vin yon òganizasyon 501c3 nan Etazini apati 22 out 2019, epi sig li defini: “Innovation of the Terroir by the Itiahists for the Advancement of Haiti” (nan lang anglè).


Vizyon ITIAHaiti se wè jèn yo jwenn travay ak ankadreman nan men Leta pou devlope talan yo, epi avni nouvèl jenerasyon an asire. Misyon ITIAHaiti se ankouraje jèn yo ranfòse angajman sivik ak lidèchip yo atravè atizay, epi antreprenarya. ITIAHaiti bay tèt li objektif pou ankouraje enklizyon ak koyezyon sosyal epi jesyon konfli atravè atizay nan diferan kominote; Anseye kreyòl, fè pwomosyon yon kilti ki pentire, tradywi epi reflete bote Ayiti; Retabli konfyans nan jèn atravè seminè sou otonomi, epi bay konsèy pou ankadre talan yo. ITIAHaiti sèvi kòm patrimwàn jenès ayisyen an, epi li reyini ayisyen atravè mond lan gras a rezo sosyal yo. Apre anpil deba, bwasay lide sou rezo sosyal, reyinyon sou Zoum ak sou tèren sou yon bann tematik tankou: volontarya, plas jèn nan òganizasyon, jenès epi lidèchi, fè jèn yo konnen tèt yo, jenès epi kreyativite, lajenès epi lespri ekip, oryantasyon jenès ayisyen nan dyaspora, edikasyon kreyòl nan lekòl Ayiti, mouvman pou lekòl fèt an kreyòl, fòmasyon sou teyat, pwezi lawouze/ aktivite deklamasyon, parabòl savan/ valorize lide otè kontanporen, plim an aksyon/ atelye ekriti, konkou pwezi/ chan ak desen, jagon literè/ pwomosyon diksyonè kreyòl monolang, opòtinite biznis, aspè ekonomik lang kreyòl la, ak yon bann lòt dyalòg sosyo ekonomik, politik ak kiltirèl; nou vin remake tout inisyativ sa yo pa p fè yon pa kita, yon pa nago ak otorite nou genyen nan Leta jounen jodi yo. Malgre nou te konn ap fè tout aktivite sa yo, pou pi fò moun, misyon ITIAHaiti vin rezime nan lang kreyòl la. Nou pa te vize lang kreyòl nan ITIAHaiti kòm premye objektif nou.


Men lè nou mete sijè devlòpman sou tab, nou wè kesyon edikasyon an bloke nou, menm sou pwen anviwònmantal tou. Lè nou manyen kesyon edikasyon an, nou wè lang manman se baz fòmasyon ayisyen. Kidonk, nou pran desizyon pou reyalize pwojè EKLA: "edikasyon Kreyòl nan Lekòl Ayiti", yon fason pou nou ka reyalize vizyon òganizasyon an. Lè nou vin rive nan yon etap, apre anpil seyans konferans dyalòg nou fè, nou wè se nou ki pou ta moute nan Leta pou n al konkretize rèv sa pou pitit sòyèt. E pa gen moute nan Leta san politik. Nou kwè si tout ayisyen aprann nan lang yo plis konprann lan ap gen mwens echèk eskolè. Si to iletris ak analfabèt la diminye Ayiti, n ap gen mwens delenkans jivenil, ap gen mwens timoun ak jèn nan lari, epi ap gen mwens diskriminasyon ak estigmatizasyon entèlektyèl sou Ayiti. Si plis ayisyen rive fini lekòl klasik, ap gen plis debouche pwofesyonèl, ap gen plis inivèsitè, plis notab ak devlòpman sou tout fòm. Pou rèv sa yo rive posib, tout sitwayen dwe gen menm opòtinite nan jwenn ti moso edikasyon. Pati politik KÒTAKÒT ap kontinye travay fòmasyon jèn itiyayis yo ap mennen an nan yon pi gran echèl, epi ak menm vizyon an: WÈ AYITI OTONÒM, men atravè politik.





83 views0 comments

Recent Posts

See All
Post: Blog2_Post
bottom of page