
Ebyen, lè m pale ak ou, ou pa koute m. Se konsa anpil moun kounye a pral kòmanse kopye w. Anpil tou pral mete w an valè. Menm si ou wè ou poukont ou, pa janm estòp. Menm si ou wè genyen ki pa janm di w anyen, pa okipe yo. Swa yo dekouvri pèsonalite w, swa yo ba w respè, swa yo wont tèt yo, swa yo pa gen kouraj pou yo konplimante w, swa ipokrizi ap fè yo lagè. Bouche yo plen dlo, ipokrit yo sezi.
M ap toujou di w sa: mwen respekte pesonaj ou ye, pesonalite w, moun ou ye a. Malerezman sipriz la vi a fè m pa ka akonpànye w. Mwen espere madanm ou genyen an rekonèt valè w, ki moun li gen nan men l. Pa janm bese les bras. Kontinye travay pou lapè, pou lapatri, avèk letan sa ap chanje, menm lè gen ladan yo k ap vòlè lide w yo.
Monchè, mwen pa p sispann di w mwen fyè de ou. Kenbe la, kontinye avanse pou pi devan. Si jounen jodia mwen ka ekri an kreyòl konsa; avèk tout senserite se gras a ou menm, gras a ITIAYITI ou te mete sou pye. Mwen pa t janm neglije youn nan seyans yo. Mèsi pou konesans lang kreyòl sa ou arive fè m metrize. Wi fò m gen kouraj pou m di verite. Mèsi, mèsi, mèsi.
Frè pa m kenbe la, pa janm dekouraje pou lage. Epi tou pa kite okenn kritik debousole w, dekontwole w, pou w arive kraze yon kite sa. Ok papa. Wi m ap toujou rete fyè de ou, e de tout moun, de tout Ayisyen k ap fè sa ki bon. Kouraj, menm si ou wè ou glise, ou pa p tonbe. Avèk gras Bondye, kontinye kenbe moral ou fò. Ke Bondye kontinye asiste w, mache ak ou, proteje w jiska laviktwa final. Paske ou fè anpil diferans nan kominote ya.....
Nòt: (Pa mete non m anba pòs sa si w ap pataje li)
H.B (M.E)