ITIAHaiti envite tout ayisyen alawonnbadè rejwenn li pou fè rèv sa chak moun ap nouri nan lespri yo-a reyalize, pou nou ka gen yon Ayiti dwat.
Pwofesè Emanyèl Wevèl Vedrin pa te ezite pote ven konsèy kle pou gide avni tchovi yo Ayiti. Madam Beti Fòtina ki t ap fè byen seyans nan reyinyon sa te prezante edikatè Vedrin ki fè jibile li nan inivèsite Avad, Etazini, epi lòt peyi li fè etid, (Almay, Ariba, Bonè, Espay, Itali, Kiraso, Kolonbi, Frans, Swis, Monako, Otrich, Panama, Pòtigal, ak Meksik. Wilsonn Telimo Lwi, Prezidan ITIAHaiti pa t pran tan pou l vann pwofil Mèt Masèl Jòj tou, yon chèchè ki anseye nan Inivèsite Leta Ayiti.
Savan Vedrin te wete chapo li devan bèl inisyativ ITIAHaiti-a, epi li pa t mete dlo nan bouch li pou felisite ekip òganizasyon-an k ap fè yon travay kolosal antanke yon mouvman jèn. Kòm premye pwen nan konferans lan, lengwis Emanyèl te kòmanse ak EDIKASYON ki ta kle siksè nan tout sosyete, epi ki se youn nan pi bon mwayen yon moun ta ka itilize pou pwogrese. Li mande pou Ministè Edikasyon Nasyonal mete laboratwa enfòmatik depi nan elemantè kòm konesans inivèsèl pou adapte elèv yo ak nouvèl teknoloji-a. Entèvenan soulve EDIKASYON PRATIK kòm yon zouti ki makònen teyori ak pratik pou pèmèt rezilta aprantisaj benefik pou elèv yo, epi yon fyète pou enstitisyon yo. Nan menm paramèt sa, anseyan te sigjere pou retire sistèm bat pakè-a nan lekòl, pou inove ak sistèm pratik ki t ap pi bon mwayen pou fè jèn yo entegre tout bon vre nan devlopman Ayiti atravè kou teknik y ap aprann anvan yo fini lekòl klasik. Selon ansyen anseyan, ORYANTASYON NAN ANTREPRENARYA t ap yon bon chwa tou, sa vle di: anvan jèn yo antre nan inivèsite.
Katriyèm pwen-an se DISIPLIN. Nou pa p inyore Ayisyen se youn nan pèp ki poko janm kwè nan disiplin konplètman; yo toujou gen yon lèse ale, yon kòd long. Manm Onè ITIAHaiti-a, Emanyèl W. Vedrin, baze sou kòd disiplinè pou lekòl yo anseye timoun yo depi nan kindègadenn, jiska douz an, yon fason pou timoun yo ka konnen kisa lòd ak disiplin reprezante nan reyisit yo. Mèt Manno kwè PWOGRAM ECHANJ se yon pilye nan devlopman entèlektyèl ak sosyal etidyan ayisyen yo ta dwe eksplwate avèk etidyan lòt peyi, nan fè yo vwayaje pou eksplore reyalite lòt peyi. Entèvenan te esplike esperyans li te fè nan kalite pwogram sa yo nan ane 1976, kote li te ale Meksik, Ayiti, epi vizite kontinan Ewop la, gras a inivèsite li. Li avanse pou li di ke pwogram echanj lan ap gen yon enpak pozitif sou jèn entèlektyèl nou yo, sitou nan konprann enpòtans pwoteje anviwònman kote y ap viv la. Li ankouraje plante mango fransik kòm youn nan pi gwo rekòt Ayiti ap ekspòte nan karayib la.
Konseye-a fè konprann ENVESTI NAN PWOGRAM AGWO-ALIMANTÈ ap yon bèl kout kle nan kanpay oryantasyon jenès la. Si nou reprezante kòm youn nan peyi ki pi pòv sou latè, se paske nou pa envesti nan agrikilti, elvaj, ak nenpòt resous natirèl. Ekriven Emanyèl W. Vedrin te voye gwo kout chapo pou Nelsonn Nwèl, youn nan ansyen konferansye ITIAHaiti an 2020, ki ta devlope yon pwogram konsa, pou asire avni Ayiti bò kote pa li. Pou kontinye blayi pwen enpòtan nan konferans lan, doktè Vedrin apiye reyalizasyon KAN ETE tou. Li twouve nan moman vakans, jèn yo ta ka swiv fòmasyon sou lidèchip, fè travay sivik, aprann kouti, mizik, otèlri, epi tout sa ki gen rapò ak atizay pou moutre talan yo sou echèl entènasyonal la. Kòlèg la di: “si atravè mond lan fanmiy yo rete konekte ak dyaspora, bay opòtinite pou envesti, epi entegre nan politik peyi-a, kidonk “KONEKSYON AK DYASPORA* kapab fèt sou fowòm rezo sosyal yo tou”. Pou Vedrin, dyaspora ta konnen kòman epi ki kote yo ka jwenn finisman pou ede nan devlopman kominotè pi byen.
Menm jan nou ka ede yon elèv ki nan menm klas avèk nou, si li pa konprann yon kou, se konsa tou nou dwe ka ede yon jèn k ap fè menm biznis avè nou. Li ajoute: “Mezanmi, KONPETISYON nan lavi sa, sitou nan yon sosyete kote edikasyon pa byen fèt, konn sanble tèt koupe ak kreyasyon lènmi. Men se pa ta dwe sa; pito nou travay o maksimòm pou n avanse san nou pa ni redywi, ni rejte efò lòt. Okontrè, ede!” Li egzòte nou pou nou pa nye ENTEGRASYON KONMPITÈ tou. Jan li te vle mansyone nan yon pwen deja, lasyans ap avanse. Nan anpil peyi, se depi nan kouchèt timoun yo kòmanse aprann epi konprann fonksyònman konmpitè. Yon etidyan ta sipoze metrize sa byen pou li wè tèt li pami moun ki pral reyisi sou mache travay la. Mèt Manno di: konstriksyon sosyete paka fèt san egzistans METYE, keseswa metye manyèl, tankou : ebenis, mason, fewònri, ak lòt ankò; n ap bezwen pwofesyonèl. Li enpòtan pou sosyete-a ta gen plis lekòl pou fòme moun sou yon kantite metye ki ka dire ant twa a douz mwa. Li kontinye ankò pou li mete aksan sou LANG ETRANJE tankou : anglè, fransè ak espanyòl, antanke lang komèsyal. Wevèl fè parantèz sou LIDÈCHIP, yon konsèp ki fè pati nannan misyon ITIAHaiti. Pou mèt la, jèn yo sipoze aprann dirije depi nan lekòl, legliz ak asosyasyon, si yo vle devni yon bon egzanp pou lòt jenerasyon k ap vini yo. Kidonk, li ka yon echèk total si se lè yo vin granmoun y ap vin aprann dirije.
Kòm lè-a t ap kouri sou entèvenan, li te pwente PATISIPASYON PARAN nan edikasyon pitit yo; KREYASYON REZO ANT ETIDYAN, kote li ankouraje pou yo genyen menm yon blòg, epi mete done sou li tanzantan. Li te ankouraje pou jèn yo kiltive SAJÈS nan tout sa n ap fè, epi li ta vle kouvri TRAVAY SIVIK ki se yon lòt mo kle nan misyon ITIAHaiti. Aktivis la ta pral ramne patisipan yo pou aji kòm bon sitwaye pandan y ap itil kominote yo nan fè benevola. Li pa t manke fè redondans sou APRANTISAJ TEKNIK, kote li t ap envite jèn ki nan ITIAHaiti yo vin itilize telefòn, òdinatè ak tout lòt materyèl yo ka itilize nan syans enfomatik; tout sa ki ka fè yo vin milyonè, si yo sèvi avè yo tankou metye, nan aprann repare yo, oubyen fòme lòt moun pou itilize yo pi byen. Chèchè-a pat sispann simen lide inisyatif. Li pote VANDREDI FÒMASYON, yon jou nenpòt lekòl ta ka itilize pou fè fòmasyon pou elèv, epi bay jèn yo espas pou devlope talan yo nan aktivite kiltirèl ak echanj. Pou li temwaye, nan ventyèm pwen-an li ta pral raple jèn yo fè VOLONTARYA. Li envite yo fè tout sa ki nan posiblite yo pou ede Ayiti, depatman yo, komin yo, seksyon yo, katye yo, oswa kanton kote yo fèt la. Li di: “nan laj mwen, m ap fè volontarya ankò. mwen mete anpil dokiman an liy gratis ti cheri. Se konsa mwen fè pwogram volontarya pa mwen pou m ede jèn pwodywi plis, epi enfliyanse sosyete-a. Mèsi bokou.”
Obdiel Dormélus,
Ekriven, Jounalis
dormelus@itiahaiti.org
Wilsonn Telimo Lwi,
Editè, prezidan ITIAHaiti
NB: Atik sa long, nou koupe li an de (2). W ap jwenn rès la apre.