top of page
Writer's pictureITIAHaiti

Konferans sou enpòtans lang manman nan pwoteksyon anviwònman


Lè kowòdonatè Johnnly te envite mwen, mwen di li konsa: mwen pa yon ekspè nan domèn pwoteksyon anviwònman non. Mwen t ap prefere refere ou yon agonòm, yon jèn kamarad mwen ki te entèlijan anpil lè m te lekòl klasik. Misye te rive fè etid li Damyen, nan Pòtoprens. Apre sa mwen gen yon lòt ansyen kamarad mwen ki fè yon metriz an Frans nan domèn anviwonnman, li ta ka konnen plis bagay sou chanjman klimatik.



Jan mwen te wè kowòdonatè Johnnly reponn-an, ta sanble li ta pral difisil pou li etabli konfyans ak mesye yo, oswa li panse mwen ta ka anime ti seyans lan. Sa te pouse mwen kwè nan konfyans kolèg la te gen nan mwen kòm yon aktivis kreyolis. Mwen te reflechi pou m di tèt mwen:

  • Mwen se yon powèt,

  • Mwen se yon kominikatè sosyal, epi

  • Mwen se yon jiris.

Poukisa twa valè sa yo pa ka pote yon bèl touch nan kòz LCOY ap defann lan ?


· 1. Antanke powèt, lè mwen ale pi lwen nan refleksyon mwen, mwen wè anvi ak lanmou moun genyen lè m ap deklame powèm. Mwen wè jan moun renmen mwen lè m ap di tèks kreyòl mwen yo. Mwen santi gen koneksyon ant mwen menm ak piblik la, epi mwen santi mesaj la byen pase tou.


Egzanp:

ANVIWÒNMAN NOU


Anviwònman n te pi bèl

Li te klere tankou chandèl

Yon anviwònman kote toutrèl ak iwondèl

Te konn chante bèl chan nwèl

Tout peyi te anvi wè l

Tout nasyon te vle tankwè l


Tèlman l te bèl tankou lakansyèl

Li te dous tankou siwo myèl

Jodi-a yo kraze tout salyè l

Yo fè l tounen poubèl

Yo fin seche tout rivyè l

Li vin anmè tankou fyèl


Kote agwonòm nou yo ?

Kote gran plantè nou yo ?

Kote fanm vanyan nou yo ?

Kote sitwayen ayisyen nou yo ?

Nou genlè pa wè anviwònman k ap depafini

Nou genlè pa janm sispèk kòman tè


Rapò nou yo ap degringole al tonbe nan lanmè

Nou genlè pa konstate kòman pil fatra pouri

Ap kale parazit tribò babò nan lari

Nou genlè pa wè jan sant demagoji

Ak lafimen izin ap fin degrade lanati

Fòk nou di : non, anviwònman pap peri


Se pou nou tout ini

Pou anviwònman sispann soufri

Fò n fè anviwònman n refleri

Pou nou ka gen yon pi bèl vi

Se pou nou tout fè yon sèl

Pou n fè anviwònman vin pi bèl


Ann sispann debwaze san plante

Pou zwazo kreyòl yo pa depeyize

An n rele sa n pa wè yo, reyini eskwad yo

Pou n al plante pye bwa nan mòn yo

Fòk nou tout konn sa kòm premye man

Pye bwa se avni yon anviwònman


Si n ta renmen sous dlo n yo rete fre

Si nou vle gen lasante tout bon vre

Fòk nou fè rebwazman san pran tan

Pou n ka respire bon jan van

Sa se youn nan pi bèl bagay

Lè n ap gade lanati k ap fleri


Pafwa nou konn menm anvi gaye pay

Se kòmsi se ti Jezi k ap vini soti nan paradi

Sa m ap di la se pa pawòl fab

Se pi bon konsèy mwen te ka ba nou

An n poteje anviwònman nou

Pou n sispann plede koupab, koupab.


Ti powèm sa fè m wè jan sa t ap fasil pou nou retni nanm leson nou yo, lè nou aprann nan lang nou. Depi yon moun se ayisyen, mwen pa ka mande li pou li resite tèks mwen sot di la pakè, mwen mwen konnen li konprann li depi nan kòmansman pou rive jis nan fen, yon moun pa bezwen eksplike li l, menm jan nou aprann “lekti eksplike*” nan lekòl.


Gen yon lòt ti powèm mwen renmen li ankò ki konekte mwen ak rasin kilti lakay, ki se:


AN NOU RETOUNEN LAKAY


Sa se youn nan pi bèl bagay

Lè n ap kontanple souvni lakay

Kote tout fri dòdòy pou piyay

Nan plenn kou nan mòn se lonbray


Lawouze lè maten k ap mande ekleray

Ti flè yo nan solèy k ap tann lawouzay

Nan forè kou dezè se zwazo bèl plimay

K ap pawaze pou anbeli peyizay


M sonje lè m te titaktak zo mangay

Mwen pran pwa gras a ze bèt volay

Nan jaden lakay kou kay vwazinay

Aprè keyay ak triyay toujou gen pay


Nan alawonnay, tout ti bway fè twouvay

Madansara, pentad ak lòt ti zwezay fè piyay

Mango lèwa, djaka, zaboka an gaspiyay

Yanm bakala, tablèt nwa, gwayav ak papay


Fèy akoulèv, epina, kacheman san bouskay

Gen anpil kalalou, bitasyon yo byen travay

Pwason gwo sèl, kasav, nou chaje lamanjay

Plaj yo gen bèl sab ak kokiyay bèl lizay


Patat, veritab ak bannan fri, se bon fritay

Nan yon mesaj ki pa chay bò yon rivay

M ap di tout ayisyen retounen lakay

Ayayay ! Ayayay ! An nou retounen lakay.


Kidonk, non sèlman pwezi-a pote anpil koulè lokal, men tou, li mache nan venn pi plis moun lè n ap tande li nan lang manman nou.


· 2. Antanke kominikatè sosyal, mwen di tèt mwen ankò: Kominikasyon se kle nan zouti pou nou fè aksyon. Sa vle di: pou gen bon jan aksyon ki fèt, fòk lòd la bay byen. Jan nou toujou di nan yon panse fransè: “c’est le ton qui fait la chanson.”


- Kijan nou ka ede yon mesaj veyikile pi byen ke lè li pase nan jan w ap pase li-a?


Nou wè nanm nou lè n ap pale kreyòl, chante kreyòl, danse an kreyòl, menm joure an kreyòl. Tout san nou moute nan sèvo nou, koulè rega nou reflete tout sa ki nan lespri nou, epi jan nou glorifye lè n ap pale nan lang nou.


- Nou janm fè diferans ant lè nou di menaj nou oswa yon pwòch nou: “Mwen renmen w” avèk “je t’aime”?


Mwen te pran yon bèl desepsyon nan men yon menaj amerikèn apre mwen te di li: “I love you”. Li te twouve mwen twò emosyonèl, pa rapò a ti tan mwen te konnen li, pou yon gwo pawòl konsa ta soti nan kè mwen pou li. Se yon bagay ki te evidan, paske mwen pa t ap janm di TÈT MWEN mwen renmen li, alevwa pou mwen ta di li sa ak bouch mwen. Mwen konn ap fè ti jwèt psikolojik sa menm ak madanm mwen tou.


· 3. Anplis sa, antanke jiris, mwen di tèt mwen konsa: èske se pa yon kesyon nòm, prensip, aplikasyon lalwa k ap kraze nou Ayiti?


Bon si se sa, kòman nou ka itilize lalwa pou fè lang manman pi bon piblye pou ede nou konekte youn ak lòt tout bon vre, epi konekte ak nati-a, anviwònman nou?


Vwala, twa aspè sa yo se te sous motivasyon ak refleksyon mwen pou m ta pote yon ti seyans dyalog sa pou nou apre mwen te chache tout kote pou m wè si mwen ta ka jwenn yon mo kle, yon sekrè, pou m ta fè nou wè vrè reyalite ak enpòtans lang manman nan pwoteksyon anviwònman. Mwen te anvi al fouye nan tout gwo atik sou entènèt, kontakte moun ki gen ekspètiz nan agwonomi ak etid ekolojik. Mwen te kòmanse li gwo kreyolis tankou Yves Dejean, Emmanuel W. Vedrine ak anpil lòt ankò, tankou: Marvens Jeanty, James Francisques, Obdiel Dormelus, ak madam Marge Etienne, atravè yon atik li ekri ki pale sou konsyans ayisyen, epi pwofesè Jean Heber Bellefleur, yon kreyolis ayisyen k ap viv kànada, elatriye. Apre analiz mwen fè, mwen wè tan pa t ap ase pou mwen ta fè nou dekouvri atizay tout save sa yo mwen sot site la-a. Pou mwen rezime ti konferans lan, ti tan dyalòg mwen gen ak nou-an, mwen di pito: Ba mwen wè si pase mwen, lavi mwen, ak konviksyon mwen ta ka sèvi yon diplis nan materyèl rechèch tou, yon fason pou anbeli istwa lengwistik ak kiltirèl ayisyen an.


Pou mwen kòmanse, mwen te vle sonje lè mwen te timoun nan pwovens Anzdeno, Ilavach, ak Okay, tankou nan Pòtoprens. Mwen te viv reyalite chak anviwònman sa yo, jouk mwen vin ap viv yon 3èm etap lavi nan peyi etranje, kote mwen oblije vin aprann yon lòt lang etranjè pou m ka kominike. Se la tou mwen pral wè diferans ki genyen ant yon timoun ki imigre, youn ki fèt nan fanmiy imigran, ak yon lòt ki ta pitit tè kote li ap viv la. Mwen konnen sa m ap di la yo, nou tout ka konnen yo deja. E se privilèj sa menm ki fè mwen ta kwè pa gen pi gwo sekrè pou mwen ta fè nou wè ke lang matènèl la se meyè zouti ki pou senkwonize nou ak rasin nou, antouraj nou. Se li ki enfliyanse aksyon nou, li fè nou plis andoktrine sa nou aprann, epi mete yo nan aplikasyon.


Youn nan pi gwo eksperyans mwen te fè nan Etazini, se lè mwen te al travay ak yon zanmi mwen, yon moun mwen te fè desant lakay li, ki te CNA. Yon CNA se yon moun k ap travay ak moun ki pa ka bay tèt yo tout sa yo bezwen poukont yo, egzanp: Ti gramoun ak moun ki nan sitiyasyon andikap. Pandan li t ap travay ak 2 ti granmoun ki an dezaj, li te konn fè mwen ale lakay yo avèk li, yon fason pou mwen pa te rete nan kay la poukont mwen. Mwen menm ki renmen pale ak grandè, mwen te pran plezi pou m aprann nan men ansyen yo. Youn nan pi gwo leson mwen te tire: Sè ke yo pa t ka pale lang anglè-a pi byen pase lang manman-an, malgre yo te fè tout tan yo nan peyi Etazini. Kidonk, ta sanble ou te mèt pale anpil lang etranjè, lang manman se lang w ap pi alèz avè lè ou vyeyi. Si yon reyalite konsa pwouve enpòtans andokrinaj la fè nan sèvo nou, li posib pou menm sans san konsyan sa fè yon lòt efè ki ta baze sou entèlèk nou, nan konnen pou nou pwoteje anviwònman nou. Si nou aprann nan lang manman nou, sa ta ka yon rezon ki pou fè nou aprann pi vit, epi fè sa nou aprann yo rete nan sèvo nou pou plis tan.


Mwen ta renmen fè yon ti pale sou lavi mwen tou, men mwen pa konnen ki kote pou mwen kòmanse. M ap wè si mwen ta ka di nou ke pi gwo lekòl mwen sonje ki te moutre m ekri kreyòl, se nan men yon mesye ki rele Adnè mwen te konn pran leson lè mwen te timoun. Mwen ta ka nan 7an oswa 9an konsa. Se ta anba yon gwo pye kenèp, kote mwen te gen yon ti adwaz. Mezanmi se ak dlo, twal mouye, mwen te konn souye ti adwaz sa lè mwen bezwen efase pou m ekri ankò. Menm si mwen te kontinye aprann lang lan jouk nan elemante en (1) pi byen, mwen toujou di: nivo kreyòl mwen se nivo elemantè de (2). Paske mwen pa sonje ki kote mwen te aprann ekri kreyòl pi byen pase ti nivo sa yo.


Kidonk, baz nou se nou. Selon yon seri televise mwen t ap gde ki rele “El Pablo”, li di: Yon pèp ki inyore baz li, istwa li, ap fè tout tan li ap pale sou li. M panse se sa ki lakoz jiska prezan anpil nan nou, se pran n ap pran pòz nou se moun. Anpil nan nou ap batay pou n vin moun, pou nou sanble ak moun, pou nou moun. Mezanmi, eta moun nou se nou, sa nou ye-a. Men nou inyore pwòp nou ki nan nou-an. Mwen kwe jou nou konsidere tèt nou tankou nou, nou tout ap vin nou, e n ap nou. Nou ap egziste antanke nou, e tout lòt nasyon ap aksepte nou jan nou ye, epi menm bat pou vin menm jan ak nou, menm jan n ap imite sèvo lòt moun pou nou ka sanble ak yo.


Pou mwen ouvè yon lòt ti parantèz, Etazini konnen ayisyen kòm moun ki pale kreyòl. Mwen te konn pale fransè tankou rat lè m te Ayiti. Lè m antre isit, Etazini, pesòn pa t pete nan yon koton ba m santi avèk fransè m lan. Se ta yon fason pou m di nou: malgre n ap aprann pou n ale viv nan lòt peyi, menm peyi sa yo konnen nou gen lakin nan lang etranjè nou enpoze tèt nou-an. Dayè yo pap fasil ba w travay kòm moun ki pale fransè si ou pa ale lekòl pou sa. Men ou pa bezwen sa pou lang kreyòl, paske li se lang matènèl ou. Mwen sonje mwen te jwenn yon bon travay isit gras a lang kreyòl, kote yo te konn peye mwen $39/è. Nou toujou ap di nou pale fransè lè nou vwayaje, yon fason pou nou ka valorize tèt nou, men nou pa janm pale li byen vre. Mwen panse se tèt nou nou devalorize lè nou bay manti a.


Lè mwen te Ayiti, mwen te etidye dwa ak kominikasyon sosyal, epi mwen te fòmatè nan yon bann domèn. Pou mwen byen di nou: Li te difisil anpil pou yon sèl etidyan te pran pawòl nan klas mwen yo an fransè pandan yon bon de (2) minit. Pandan ou pa menm ka pale fransè byen pou menm de (2) minit an piblik, epi inivèsite-a egzije w ekri yon memwa ki gen yon 100èn paj pou w ka gen lisans ou. Sa pral lakòz anpil etidyan pa janm ka soumèt memwa yo jiska prezan, epi genyen w ap jwenn ki achte yon memwa tout fèt, epi etidye yo pakè pou soutni. Nou ka wè se depi la “nòm” lan kòmanse pran kou nan sosyete nou.


o Kounye-a, kijan ou ka di yon jiris pou li fè moun respekte lalwa si li pa te metrize sa li te aprann lan?

o Sou ki baz tou nou ka di yon endividi respekte anviwònman li, si anviwon 5% klas inivèsitè-a nan nivo sa?


Ou aprann nan yon lang ou pa byen konprann, epi ou pa ka kreye ladan kòm sa dwa. Lè ou rive amerika, premye bagay yo fè w aprann: se lang lan. Nou konnen poukisa? Paske PNL* la enpòtan anpil nan egzèsis tach nou yo. PNL vle di Pwogramasyon Newo Lengwistik. Se yon konsèp ki fè w wè ke tout sa ki soti nan bouch ou, tout aksyon w dekoule sou imaj ki kreye nan sèvo w, nan vèvwoz ou. Li ta fè nou wè ke pèsòn pa ka aji byen, ni panse nan yon lang li pa pale, oswa li pa konprann, menm jan pwofesè Iv Dejan ta avanse nan yon liv li ekri ki gen tit: “Yon lekòl tèt anba nan yon peyi tèt anba.”


o Si w pa ka panse nan yon lang ou aprann, kijan w pral fè aji epi envante selon nòm ki etabli?


Nou nan yon moman kote teknoloji vin ale kite nou, lasyans ap devlope chak jou.


o Kote nou pral wè yon peyi devlope ak yon ti gwoup moun ki fè edikasyon yon zafè klik?


M kwè edikasyon dwe lib pou tout moun, epi li dwe fèt nan lang tout moun pale-a. Si nou pran echantiyon lekòl lavil ak lekòl andeyò yo: yo pase menm egzamen Leta, men edikasyon yo pa menm.Elèv yo pa gen menm kantite materyèl didaktik, epi pwofesè yo pa gen menm nivo edikasyon tou.


Kòm referans pèsonèl, mwen te konnen yon tifi Ilavach, paran li te gen anpil pitit. Te gen yon moun Okay ki te pran youn nan timoun yo, yon fason pou ta soulaje fanmi-an, fè timoun lan avanse nan lavi li, epi itil tou antanke restavèk. Lè timoun lan te rive Okay, madam lan mete ti fi ki ta gen douz (12) nan yon lekòl nasyonal pou li fè preparatwa de (2). Timoun lan pa t ka aprann vre, li ta tou pacheman depi Ilavach, vin jwenn li antre nan yon lekol nasyonal ankò.


o E si nou ta priye pou ti fi sa ta rive nan sizyèm ane ?

o Nou panse l ap gen menm konpreyansyon ak yon lòt ki te nan lekòl kay mè, oswa kay fre?


M ap parye avèk nou: Ti fi sa ka gen plis nanm pase lòt timoun nou panse ki gen konesans pase li-a. Sonje li soti an pwovens, li konnen reyalite lokal yo trè byen, epi li gen dwa pale kreyòl la pi byen ankò pase timoun ki ale nan sa nou rele gran lekòl la. Men paske edikasyon li pa fèt nan lang li pi byen metrize-a, nou trete li iletre, nou di li sòt lekòl. Ti fi sa pa gen lòt atant ke yon pitit san sipò, epi li pa fouti fini lekòl. Kidonk, lè ti moun sa bloke depi nan setifika:


o Ou pral mande li pou li metrize nosyon chanjman klimatik menm jan?

o Oswa respekte nòm sivik yo menm jan ak anpil nan nou ki la?

o Kisa sosyete-a ka atann sou yon timoun konsa souple?


Se menm bagay sa mwen panse ki te rive Etazini, si nou tande pale sou Brown VS the Board of Education nan ane 1954-1955. Kote Etazini te gen edikasyon gratis pou tout moun, men dokiman yo ta diferan, depan klas sosyal lekòl ou frekante-a. Se lakou siprèm ki te tranche dosye sa. Nou gen menm sistèm edikatif sa Ayiti jis an 2021, kote konstitisyon nou di lekòl klasik gratis pou tout timoun. Mwen panse fenomèn prejije Ayiti-a pi rèd pase rasis Etazini.


Mwen ta renmen sigjere yon solisyon. Nan filozofi ITIAHaiti-a, ou pale sou devlopman pèsonèl. Mwen panse se nou menm ki konsyan sou reyalite-a ki pou byen trete sijè-a. Nou ta dwe prepare li sou fòm yon pwojè long tèm, epi pran pouvwa ak tèt ministè yo, espesyalman minister edikasyon nasyonal pou nou chanje Ayiti. Lè sa-a, n ap mete jounal ekri nasyonal yo an kreyòl, fè tout papye ofisyèl an kreyòl, mete non biznis an kreyòl, menm jan bib la deja fè ak non disip yo, epi bay pitit nou non kreyòl. Kòm egzanp tanjib, pou montre jan lang kreyòl la se lang transfòmasyon nèvwoz ayisyen: nou itilize lang manman lè n ap fè manifestasyon, joure youn lòt, lè pou krisyanize ti pèp la, lè n ap priye Bondye, elatriye.


Youn nan eksperyans mwen fè ankò, se lè mwen te piti. Mwen te nan yon lekòl kote pwofesè-a fè elèv yo bat tèt yo lè yo pa konn leson, oswa lè jeton rete nan men yo nan fen jounen-an. Yon lang ou pale nan tout alawonnay ou, epi ministè edikasyon nasyonal entèdi w aprann ladan. Mwen panse se yon krim. Lè nou ap di ayisyen pa fòme; nou gen poblèm edikasyon; oswa pèp la pa alphabetize: se yon pretansyon pou diminye pwòp tèt nou. Paske nou tout temwen baz povrete-a. Si non, se pou Leta ta pote materyèl edikatif fransè nan tout kwen peyi-a pou plis moun ta aprann fransè san grate tèt, oswa yo anseye pèp la pito nan lang yo pale nan tout kwen peyi-a.


o Nou ka imajine konbyen sitwayen egzamen ofisyèl fè echwe nan lavi yo jis paske yo pa t konprann yon kesyon?

o Nou konnen tou se majorite moun lekòl echwe sa yo ki nan lari Potoprens ap chache lavi-a?


Mwen ta renmen raple nou ke lekòl fè pati sik otonomi yon moun: Edikasyon – Travay - Famiy, Desèvi kominote. Kidonk, fè rebwazman, pwoteje anviwònnman se yon aksyon sitwayen epi kominotè. Si w pa edike nan yon lang ou konprann, ou gen mwens chans pou w konsyan nan respekte prensib sivik sa yo.


o Nou panse si majorite ayisyen te fè menm etid klasik yo, nou t ap gen tout fatra sa yo nan lari?

o Nou pa kwè nou t ap gen pi bon jan antrepriz, jèn k ap kreye epi transfome nan peyi-a?


Youn nan aspè ki trè enpòtan ke nou paka inyore nan itilizasyon lang manman pou pwoteje anviwonnman se aspè kiltirèl la. Gen yon bann valè tradisyonèl nou pèdi pratik yo akoz lang manman-an pa anseye nan lekòl. Si nou pran yon seri konesans ki nan:


Kont:

  • Pi bèl fanm abite nan bwa: Kajou (Pwoteksyon anviwonnman)

  • Marilina bèl fanm, djòl li flòbòp: Piman bouk (dekouvèt natirèl)

  • Zip ti-gidip zip! : Pwason nan ling (Lanmou pou lapèch)

  • Ti moun malelve leve prezidan sou chèz: Pinèz (respè pou grandè)


Kwayans :

  • Plante lonbrik timoun ak yon pye bwa: (Chak moun pwoteje yon pye bwa, epi rete nan peyi w)

  • Chita pou w plante kokoye ak dwèt ou fèmen lè lalin plenn pou l pa koule, l ap donnen gwo, epi l ap donnen ba : Koneksyon avèk lanati, manyen tè.

  • Sibi nan dlo: Timoun pap antre nan yon dlo poukò l (Pridans nan nwayaj)

  • Si ou gen yon pye sèd devan kay ou, djap pap pase: Pwoteksyon anviwònman (rebwazman)


Tradisyon:

  • Kongo, tirayè, madigra lèd: Mete koton an valè, kreyasyon mas, fabrikasyon siwo

  • Eskwad, konbit: espri antrepriz, oganizasyon, volontarya

  • Sasa pechè: Manje ansanm, amitye, travay ansanm

  • Lè krapo rele, oswa bourik ranni: sa vle di laplis pral tonbe (Koneksyon ak lanati)


Gen anpil lot egzanp mwen ta ka pran anko. Men m ap kite rès lè a pou nou ka pataje eksperyans pa nou. Mwen pa vle nou jalou nan pale tout istwa mwen, pandan sijè a se sijè nou tout ki la, e mwen konnen nou ta ka trete li pi byen pase mwen.


Affirmations

Félicitations

Invitations


Mesi





114 views0 comments
Post: Blog2_Post
bottom of page