Mwen ap mande èske se eritaj sa n ap kite pou tout lòt jenerasyon ki gen pou vini yo. Yon eritaj kote tout ayisyen ap joure ayisyen pa vle wè ayisyen, ayisyen pa ka travay ak ayisyen, ayisyen pa vle travay ak ayisyen. Depi m antre nan kominote-a, tout moun fè m konnen se Kiki ki papa kominote-a, epi m gen 8an nan kominote-a, kote m wè se madan Gabo ki manman kominote-a. Epi kounye-a pou se rezilta sa n ap ekspoze, kote menm mwen menm ki antre nan kominote-a ap repwoche nou pou manipilasyon, eksplwatasyon, demakman n ap fè m jis paske m ap chache lavi, chache direksyon bò kote nou. Sa ta vle di pou yon moun rive evolye, pèse, emèje nan kominote ayisyen-an nan Masachousèt, fòk li pran pòz erage li, pòz trèt li, jis pou li ka rayi nou, divize avèk nou pi devan. M ap mande si nou pa t ka reyèl nan manje malman youn ak lòt, olye n ap peze kou lòt pou n ka viv, mete pye sou kou lòt pou n ka parèt kòm lidè, kite lòt nan inyorans pou n ka pase pou pi eklere, oswa entèlektyèl. Youn nan egzanp tanjib, majorite nan nou pa ka envite pitit nou nan sa n ap fè, ni ka fè yo ranplase nou nan anyen, paske apre nou, se nou.
Mwen pa t touche apre m ta patisipe nan 3 reyinyon nan komite resansman ak IFSI. Nou fè m siyen W9, mete m nan komite, epi fè m fè pwomosyon sou rezo sosyal, pataje sa nou pataje, epi nou pa janm rele m nan anyen ankò. Nan youn nan rankont sa yo, pastè Kiki te rele m senatè, e depi lè sa m te wè gen yon dan kont mwen. Mwen te pran pawòl nan yon atelye nou te fè nan Boston Medical Center, kote mwen te poze kesyon sou ki sòt ankadreman nou bay jèn vre, si mwen menm ki nan mitan nou pa benefisye okenn sèvis nou ofri. Nou te ostil, epi ta pran m pou yon kraze sa. Nan menm rankont sa, mwen te apwoche ke kominote ayisyen an pa gen okenn òganizasyon ki gen yon lokal, yon kote yon moun ka pase pou l jwenn oryantasyon. Kèk tan apre, mwen te vizite lokal nou te tabli nan Roselindale la, kote mwen te gen yon zanmi m ki t ap fè volontarya avèk nou. Se la nou te pale m sou fonksyònman nou nan travak ak timoun, bay yo leson, moutre yo jwe enstwiman, epi di nou pa t gen sèvis pou moun ki fè azil tankou mwen.
Mwen ale nan yon lòt atelye nou te fè nan Roxbury, jou sa mwen te tèlman anbarase, mwen te rete dwèt sou bouch, paske m pa t jwenn swivi kesyon m lan, olye sa, se te rejeksyon. Mwen ale nan yon lòt atelye nou te fè Dorchester ankò, m te tankou yon lènmi pou tout manm estaf yo. Nou te fè yon veye pou moun ki te mouri nan tranbleman tè yo. Mwen te sou pwogramasyon-an pou m pèfòme, lè m rive nan aktivite a, nou pa t kreye plas pou mwen nan pwogram lan. Nan menm pwogram sa, pastè Kiki t ap rekrite volontè pou te ede nan yon aktivite ki t ap fèt, lè m ba li non mwen, li pa janm rele m, pandan li t ap rekrite lòt moun. Mwen patisipe nan mach 18 me avèk nou pandan 2 fwa, prezante sou sèn ak twoup mwen fè pati, nou pa t janm ba nou okenn kontribisyon, e m ap mande si tout lòt twoup ki patisipe nan evènman yo pa t touche tou. Apre sa, nou fè aktivite, nou pa janm envite mwen, malgre nou konnen m trè briye nan domèn literè.
Mwen te ba youn lan nou yon liv pwezi kreyòl mwen ekri, pastè Kiki te di li pral diskite sou li ak direktè Mattahunt Elementary School, yon fason pou m ta refòmate tèks ki pou timoun yo, nou pa janm fè sa. Apati desanm 2016 nan Tele Beltop, atravè yon emisyon literè mwen te konn anime, mwen vini ak yon lide pou kominote ayisyen an ta gen yon lye randevou, yon kote moun ap fè deba fizik konstan atravè yon òganizasyon ki reyini tout kouch sosyal, yon sant kiltirèl. Mwen chita ak plizyè notab nan kominote a sou pwojè-a, epi fè pwomosyon lide a sou rezo sosyal. Kèlke mwa apre, lè m ale nan yon gala nou reyalize, swa nan Randolph, mwen wè Frantz Jean Baptiste pote yon diskou kote li lanse nesesite yon sant kiltirèl nan Boston. Mwen te choke wè nou pase m dèyè pou n pran lide a, e m te fè yon pòs sou videyo l la kont sa ki pase a. Lè m ale pi devan nan pote plent, yo fè m konnen HAU te gen lide sant kiltirèl la deja. Lè m mande nan ki nivo yo ye ak pwojè-a, pèsòn pa t ka moutre m kote pwojè te ekri okenn kote. Sa pa t bloke mwen avanse.
Nan kanpay Majistra Michelle WU, Michel Denis mande m pou pou m fè kanpay avèk li nan 2 objektif: 1) Yo pwomèt li yon djòb nan City a. 2) Si li jwenn djob la, l ap batay pou ITIAHaiti jwenn yon biwo nan Boston. Jean Claude Sanon te envite m nan menm kanpay la tou. Mwen te prezan tout meeting k ap fèt an ling pou planifye kanpay, e nan peryòd sa yo, okenn manm HAU pa t la, ni manm IFSI. Mwen te mande Jean Claude sou ki baz kanbay la ap konstwi, kisa kominote ayisyen an ap jwenn? Li te di m konse ke moun pa negosye ak kandida pou enterè Etazini. M te pete koken, e m te di nan ka sa, kite ameriken defann kòz ameriken, paske youn nan kandida yo ap pase kanmèm. Nou se yon kominote minoritè, nou dwe gen yon enterè komen anvan nou andoze nenpòt kandida. Gen moun ki te kore lide a, epi Sanon te mande pou chak moun voye pwopozisyon yo ba li nan imèl yon fason pou l ka drese priyorite kominote a bay direktè kanpay Michelle WU a.
Nan lide m te voye bay Sanon, mwen te mande pou majistra ba nou yon sant kiltirèl si li eli, e Sanon te di yo pa t pwomèt, men y ap fè tout sa ki nan pouvwa yo pou sa posib. Depi lè sa, mwen mache fè foto, fè slideshow, epi mete VOTE MICHELLE WU for a Haitian cultural center in Boston. Lè Michele Wu fin eli, Louidjie Louis-Jeunes di konsa city a vle reponn lide pwojè sant kiltirèl la, men fòk li prezante sou fòm pwojè ak yon bidjè. Lè sa mwen te toujou nan rankont sa yo. Mwen vin eskli nan pwojè-a apre m te di m pa dakò pou yo rele l Toussaint Louverture cultural center, men Haitian Cultural Center oswa ba li pote non Dessalines. Yon bon lè, mwen te fin patisipe nan yon emisyon nan Tele Kreyòl, Wilner AUguste di m konsa blan pa vle tande pale de Dessalines, yo di Dessalines se yon ti vagabon, yon delenkan, kriminèl. Poutèt sa, nou pa ka rele anyen non Dessalines. M te santi se yon kout pik. Sa ki dwòl la, Wilner ba m yon depliyan ki gen komite ki pral jere sant lan. Lè mwen t ap batay pou sant lan, pa t gen okenn nan moun sa yo ki te nan kanpay Michele Wu. Si nou pran egzanp Charlot Lucien ki te andoze kanpay elektoral Annissa Essaibi George.
Nou fè gala HAU yo, nou pa janm envite m, olye sa, nou mande pou m peye vin gade antanke yon atis, yon aktivis, yon patnè. M twouve tout sa yo imilyan antanke jèn ki t ap chache ankadreman nan men nou. Jacques Daddy Jean te pibliye yon kòmantè sou 8 milyon dola nou genyen nan men nou pou n ede moun ki pase sou pon Texas, soti Meksik yo, kote li te di nou pran lajan epi n ap mande legliz Basement yo pou moun yo rete. Kòm mwen konnen n ap maltrete mwen nan kominote a, m pataje atik la, menm jan anpil lòt moun te pataje li. Sa ta fè m parèt kòm yon entrigan ankò. Tandiske jiska jounen jodi-a, e depi nan moman, mwen voye moun vin pran sèvis oryantasyon nan sèvis sosyal nan men nou, menm ti bagay mwen ka fè pou moun yo tankou: ranpli aplikasyon food stamp, MassHealth, epi se menm ti bagay yo n ap ofri moun yo tou. Tou lòt sèvis nou ba moun yo peye tankou ranpli papye imigrasyon, epi menm yon bon kou anglè nou pa genyen, apre yon lis atant byen long nou mete yo.
Gen lidè kominotè ki di m nou fè yo mete non yo nan aktivite yo kòm esponnsò, nou pa ni kontribiye, ni mete pye nan afè yo. Apre sa, chak lide pwojè yo genyen, nou kreye yon komisyon pou nou fè menm bagay avè yo olye pou n ta ankadre yo, yon bagay mwen viktim ladan. Menm legliz pa nou yo di m nou fè. So, kisa nou te atann? Mou panse jan aksyon sa yo fè eritaj nou?
Wilsonn Telimo Lwi,
Pou amelyorasyon tout moun.