Mare papa mantè, prezime kriminèl, ansyen komisè gouvènman Ronald Richemond nan Okay, Sid Ayiti. Wonal Richmon se yon kowonpi selon sa kèk komisè, avoka, ak jounalis epi moun li fè “abi otorite” rapòte sou li. Nou pè pou si ta gen kowonpi parèy li ki konn nan ministè jistis Ayiti pa blanchi li, epi ba li amnisti. Arete Richmond rapid, sinon sistèm otorite kowonpi Ayiti-a fenk kare ogmanje, epi rejenere. Sèl Ayiti pou yon kriminèl makiye pa ta pije pèn li apre li fè konplo pou asasine, rache, epi jete rès kò yon jèn jounalis tankou Garry Thès nan lanmè Okay, Sid Ayiti. Richemond fè anpil moun gwo tò nan Okay.
Komisè Gouvènman Ronald Richmond ta kache chèf gang ki rele “Bout Ba” ki soti Pòtoprens, pou komisè Gouvènman Miragwàn lan, Ernst Muscadin, pa te arete li nan Pòsali pou rezon pèsòn pa janm konnen. Ronald Richemond ta plimen madan yon ti jèn Okay epi li fè sekirite li bat patnè-a byen bat poutèt jenòm lan t ap fè jalouzi pou madanm li, manman pitit li. Ou gen pou w wè apre yo fin revoke Ronald Richmond la, li pran kò gang li yo, li lage yo fè dezòd nan vil la, nan objektif pou li manipile popilasyon-an nan moutre lè li te la, zafè sekirite te pi bon. SONJE ISTWA AP PRAN NÒT. Gen anpil ansyen otorite tankou palmantè ki apiye krim aka bi Richemond ta fè yo, sitou sa ki te konn ba ti jèn baz nan geto yo zam ilegal yo. Nou tout konplis! Sinon, èske Ronald Richmond pi wo pase lalwa?
Kèk sibtiti komisè Gouvènman m pale di mwen ansyen Komisè Gouvènman Ronald Richmond fè bagay abitrè, paspouki, koripsyon nan pakè Okay la. Richmond gen avoka klik pa li. Si yon viktim vle yon dosye li jwenn jistis nan pakè Okay la, se avoka ki zanmi Richemond pou li pran kòm avoka li. Sinon, w ap pèdi pwosè-a. Se youn nan rezon ki fè mwen kite Okay anvan lè, epòk mwen fini lekòl dwa. Se yon kesyon “KOLÒN KI BAT”. Pa gen gwo defi devan lalwa. Si yo revoke Ronald Richmond, se paske li fè yon bagay ki mal. E si li fè yon bagay ki mal, li dwe reponn kesyon lajistis anvan li sove kite Ayiti. Sinon, aktyèl komisè Gouvènman James Jean-Louis ap bay istwa rapò byento pou lach ak konplisite. Mwen pa ka swiv ankò, e mwen pa p vin plenyen nan pye nouvo komisè Gouvènman James Jean-Louis.
Gen twa fason yon Komisè Gouvènman mete aksyon piblik an mouvman kont yon prezime, selon sa nou aprann sou ban lekòl, nan kou vwa egzekisyon:
1) Sitasyon dirèk (lè yon moun voye yon manda ba yon lòt moun);
2) Ave (lè pwòp moun ki fè zak la devwale oswa temwaye se li ki komèt zak la);
3) Klamè piblik (lè moun di se entèl ki fè zak la, lè jounalis bay li nan nouvèl, lè gen flagrans kote lòt temwen te la).
Ansyen Komisè Gouvènman Ronald Richmond te dwe demisyone, revoke, pran kòd lontan epi jije pou lanmò jounalis Garry Thès li ta patisipe nan konplo touye akòz jounalis la t ap dekriye deriv abitrè ak abi otorite nan Okay. Sou menm kontèks sa, ansyen prezidan Michèl Mateli te dwe pran kòd depi lè ansyen senatè Gabriel Fortuné nan Okay te di se parenn prezidan Jovnèl ki touye Jovnèl la, sinon, lajistis te dwe mete Gabo nan prizon pou difamasyon, melanje ak raketè André Michel ki te fè menm afimasyon sa sou Michel Martelly. Ansyen prezidan Jean-Bertrand Aristide ta dwe jije pou lanmò Lewopòl Dominik tou. Premye Dam Martine Moïse ta dwe jije pou lanmò batonye Dòval pou li bay vrè sous videyo mari li te di li resevwa nan telefòn li 2 minit apre asasina Batonye Dorval la, elatriye.
Mwen pase 4 ane sou ban lekòl dwa, epi 2 ane sou ban lekòl jounalis nan Okay. Menmsi mwen pa t gentan byen pratike, men mwen te nan klas la. Mande pou mèt Wilson Thelimo Louis. Depi nan twazyèm ane mwen pote sèman nan tribinal lapè Okay kòm fonde pouvwa, epi m ap pratike nan kabinè Rocourt et Associés nan Okay. Tout avoka te wè jan m pwomèt, e yo pa te bezwen tann mwen soutni pou mwen te antre nan kabinè yo vin aprann. Men elas : VIZA Mwen TE CHO NAN PÒCH MWEN, sitou apre mwen te wè chimè Ronald nan Okay k ap joure Dwayen Vaval nan boul figi li, ak Tòj sou li, nan lakou Tribinal Premye Enstans Okay la. Mwen te kriye, epi m te di plas mwen pa te la. M pa te gen djab, ni zam, ni marenn ak parenn nan sistèm lan.
Men mwen ap tounen wi; petèt lè mwen gen 67 ane, pou m vin kontinye volontarya Ayiti. Chak moun ka bay vèsyon pa yo sou sa k ap pase Ayiti. Martine Moise te dwe di kijan li fè jwenn videyo asasinay mèt Dorval apre 2 minit, jan defen Prezidan Jovnèl te konfime. Selon vwa egzekisyon ak pwosedi penal, arete yon moun pou tande vèsyon li sou yon krim pa yon krim. Men se poukisa yo pa vle di lajistis sa yo konnen? Yo vin otomatikman yon konplis lè yo pa vle pale, e yo merite menm pèn ak vrè otè materyèl zak la, selon atik 44 e swivan nan kòd penal ayisyen-an. Mwen konnen tout lektè pa p dakò tèks sa, men mwen mande pou nou byen gade fon li anvan nou kanpe anfas mwen.
Aristide te dwe di sa li konnen sou lanmò Leyopòl Dominik pou yo jwenn vrè otè a. Se pa pran pòz towo l, tankou li pi fò pase lalwa. Komisè Gouvènman Ronald Richemond ta touye jounalis la paske li te konn ap dekriye krim ap abi pouvwa l ap komèt. Se pou sa mwen lage degidon nan kò sistèm edikatif la, yon fason pou plis jwenn ti gout sèl edikasyon sou pwent lang yo, epi evite mete dlo nan bouch yo lè pou yo defann dwa yo. Absans prèv pa yon prèv absans, sa vle di: se pa paske ou pa wè yon bagay li pa egziste. M pa p tounen Ayiti ankò nan kondisyon sa. Si Ayiti te bon, nou pa ta kite li e kontinye vle kite li, sitou ak jan siterè kriminèl notwa tankou Komisè Gouvènman Ronald Richemond ki di depi mwen rantre Okay, l ap arete mwen.
Depi nèg tankou ansyen Komisè Gouvènman Ronald Richemond ak chimè Frantz Arthur Mauvais nan lari Okay, lavi ti jèn inosan chaje ak talan tankou mwen ka pase tankou lavi Garry THÈS. Frantz Arthur Mauvais pwomèt pou li fè mouch kaka nan dan mwen depi mwen vini Okay, epi li fyè pou li di ansyen Komisè Gouvènman Ronald Richemond se alye li, se chèf ki nan do li. Si nou vle chanje Ayiti, fòk nou pa pè mande limyè jouk nou jwenn limyè sou tout ti deriv. Pa gen lajistis Ayiti, dayè menm jistis ap mande jistis. SE YON KESYON “KOLÒN” KI GEN NAN OKAY. M te fè kèk flann nan pakè-a antanke pratikan dwa. Pa pè pale bagay yo si w vle patisipe nan chanje sistèm kowonpi, santi san, santi mò sa.
M ap di YON BAGAY ki rive m pèsonèlman:
Manman m voye manda amne bay moun ka Majori ak Frantz ki rete Lakoryè, Bouri, sou Tòbèk. Lapolis arete Frantzley, youn nan pitit yo ki te patisipe nan vwa fe sou yon ti frè m ak manman mwen, epi yo pote li nan pakè Okay la. Yon patnè ki rele Gwo Sonsonn ki abite zòn mache Valè, anba Tòbèk, antre nan pakè-a negosye, li fè lage prezime-a. Richemond ak akwolit li sibtiti komisè Wilsonn arete manman m pou tout yon jounen ak yon minòt nan bwa li, malgre se li ak ti frè m lan ki te sibi agresyon, epi yo lage ti vagabond-an, klase dosye-a san swit, jouk manman m oblije abandone yon bèl kay li te bati nan zòn lan. Richmond ba m manti sou aksyon an apre m mande li sa k pase sou sa ki fèt la. Se lajan ak relasyon ki jistis Ayiti. Li di si m te Okay li t ap arete m paske m fè kèk lòt avoka konnen li ba m manti.
Wilson Thelimo Louis,
Jiris, yon Viktim anba Richemond.
SOUS:
KÒMANSE GADE VIDEYO A APATI : 2:41:14 / 3:56:14 YO